![lirikku.id](/inc/logo.png)
Lirik Lagu Mcm powèt Revòlte – Ede M Konte
By: Admin | Artist: M mcm powet revolte | Published: 2024-02-07T05:56:43:00+07:00
![Lirik Lagu Mcm powèt Revòlte – Ede M Konte](https://i0.wp.com/file.laponta.id/img/uploads/lirik-lagu-mcm powèt-revòlte-ede-m-konte.png)
[kouplè 1 : mcm]
ki prekosyon w n on mond si w pa t konn judas ak christ e caen ak abel
si w wè m pran swen m pou m lave do m , se pou fas mwen ka bèl
menm si w wè m ta ale ,èv yo ap ret kwoche p si gen apèl
bay ide yo pase mete m n on chenn m p ap gen pwoblèm avè l
ekstansyon bon pou tout sektè isit m pa wè sa
bak 1 bak 2 ala fen nou sou bak ayiti n genlè pa wè sa
èv yo pou nou men mechan t al aprann detounen
kote yo bòy pami avèg yo san respè menm pou sa k aje
gen sa k ale ki sèmante yo p ap tounen
gen sa k rete malgre aktyalite lokal, lespri yo sakaje
pou m ekri yon rèv ak yon krеyon m aprann fidelite
m sensè ak kayе ti lign mwen m kontante m nan vide ide
bay chak moun n on pozisyon e chak pozisyon chaje moun
bèf la mouri nan pozisyon l si pou chanje l jou chaje moum
m tonbe m leve ak yon lòt sousi nan konba
annou ransable tout vrè yo man nou pa ka ret konsa
[refren jam]
ede m konte konbyen moun k ap mande jistis isi
ede m konte gwo zotobre k ap mache sou piti
[ouu ede m konte × 4 ]
[kouplè 2 : mcm]
nou goumenn kase kòd nan pye n foure nan tèt nou
pou atake lide n ankò se nou ki frèt pou nou
ede m konte, lote, mete kèk sou kote
ede m chèche bote sa k anpeche n yo dwe fin tete
ede m konte sa ki vrè yo pou n f on sistèm
sa k sibi menm pwoblèm nan anba bòt yon sistèm
ede m konte kèk pawòl ki tonbe ò bit la
si n wè n pa byen isit, pa antere abit la
m tèlman wè voksal m sou 30 lane enkyè
m pa ka tann ankò,pou’m wè kote’m fèt la anpè
konte pwofesè yo, machann, konte tout ewo yo, pou rasanbleman pi bèl, konte gra yo ,konte zo yo
ede m konte maladi k kouche atè nan lopital
konte machann peyi yo, kidnapè, bandi k nan lari kè kal
jou tè a tèt anba frè m ,sou syèl la n ap mache paske nou gen twòp kont pou n rann
[refren jam]
ede m konte konbyen moun k ap mande jistis isi
ede m konte gwo zotobre k ap mache sou piti
[ouu ede m konte × 4 ]
[ pon jam ]
konbyen k ap mouri grangou
lidè konbyen k ap tann ou
konbyen k ap manifeste
konbyen lakay ki rete
konbyen otorite ki gen la anmrey èske ou ka ede mwen konte
konbyen dinyite lajan achte isi anmrey èske ou ka ede mwen konte
[ refren jam ]
ede m konte konbyen moun k ap mande jistis isi
ede m konte gwo zotobre k ap mache sou piti
[ouu ede m konte × 4 ]
ede m ede m ede m
adje adje ede m konte
Saksikan Video Lirik Lagu Mcm powèt Revòlte – Ede M Konte Berikut ini..
Lirik lagu lainnya:
- lirik lagu violent remark – hard to say
- lirik lagu ufo – have you seen me lately joan
- lirik lagu soda luv, kitobwoy – anime obsession rld
- lirik lagu chensri – fanart
- lirik lagu milller. – bem viver
- lirik lagu chauncey666 – wilted
- lirik lagu sickening horror – 24 januaries
- lirik lagu brindille – laissez-moi donc me souvenir
- lirik lagu the high llamas – the old spring town
- lirik lagu casey tufnell – woodland tales